Tout endikatè yo wouj nèt
Yon dola se 95 goud, l ap file pou 100 goud
Se 5 moun ki pou met ansanm pou achte yon plat manje
Ensekirite planifye ak vyòl ap mache sou nou san rete sou inivesite yo
Anplwate leta paka touche
Polisye ki la pou bay sekirite pa gen sekirite pou pwòp tèt yo
Kòripsyon kontinye ap taye banda
Leta ak tout enstitisyon yo fin pouri, yo paka kenbe ankò
Masak nan katye popilè yo, bandi apye kou bandi kostime ap taye banda
Lajistis atè plat
Sèl travay otorite yo piye kès leta ak bay manti
Toujou pa gen gouvènman.