Crypto News Haiti
Ann fè lajan ansanm | 30 days Challenge
Kòman ?
Avèk kominote CNH la (CryptonewsHaiti), nou vle ede chak grenn moun ki enterese nan Crypto e èd ou ap konte pou nou tout.
Se pou sa nou kreye 30DaysChallenge kap pèmèt ou fè kòb sou Steem.
Nan 30 jou sa w ap gen pou poste 2 a 4 atik pa jou sou Steem avèk aplikasyon prefere w, e chak atik ou lage, manm kominote an ap kontan apresye atik ou a pa mwayen vòt ak kòmantè. Y ap kontan jwenn apresyasyon pa w tou.
NB : Nou rekòmande w vote 8 à 10 fwa pa jou. Sa ap pèmèt ou byen jere resous ou.
Nan atik ou yo, w ap ka mete 5 tag oubyen mwens.
Nou ankouraje w itilize 3 tag sa yo ki vin aprè yo pou w asire ke atik ou yo patisipe nan challenge lan. Tag sa yo tou pèmèt kominote nou an grandi:
#cryptonewshaiti , #sakpase #younedelot
W ap deside ki lòt 2 tag w ap ajoute sou li.
Etap moun ki nouvo yo bezwen swiv
1- Kreye yon kont
Kontakte kominote CNH sou lyen telegram sa si w bezwen kreye yon kont imedyatman. Y ap asiste w san pwoblèm.
Lòt altènativ pou w ouvri yon kont Steem.
-Steemit : kreye kont pou ou sou yon peryòd ki ka varye ant 2 a 14 jou.
Ou ka toujou itilize kat kredi w oswa peye ak ETH, BTC, DASH pou w achte yon kont sou platfòm ki vin apre yo
https://anon.steem.network
https://steem.ninja
2- Voye non itilizatè nouvo kont ou an sou gwoup telegram CryptonewsHaiti a: http://t.me/joinchat/Du9ggVNxuTNh6P3DNxZL0Q
3- Aktive SteemAlertBot sou telegram ou kap pèmet ou konnen chak lè yon moun nan kominote CNH la lage yon atik pou kapab vote li. Wap konfigire li tou pou w kapab ajoute tout moun ki nan 30 days Challenge lan.
4- Enstale Partiko. Aplikasyon sa ap pèmèt ou ekri, vote epi poste atik.